Aksidan sikilasyon sou wout aviasyon an nan nimero 2, bilan an katastwofik.

01- 29- 2026
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND). Pandan jou sa yo aksidan motosiklèt koute lavi anpil moun atravè depatman Grandans lan; tandiske nan komin Jeremi kise chèf lye depatman an, genyen plis viktim.
Yon gro aksidan sikilasyon anrejistre sou wout avyasyon an nan zonn nimero 2, nan Jeremi. Michel Chrisnet, yon chofè taksi moto, ki al fwape ak twa lòt motosiklèt, okazyone lanmò plizyè moun; pami yo Michel Chrisnet ak Ti Blan, yon jènn enfòmatisyen trè koni, ak sekretè administratif biwo direksyon dlo potab ak asenisman an (DINEPA) nan Jeremi. Sa ki pi rèd la, nan menm aksidan sila, te genyen yon pèsonaj ki te akonpaye sekretè a, ki soti gravman blese.
Nan kad aksidan sila, majorite manm sosyete jeremyènn lan, akize chofè tasksi moto a, Michel Chrisnet kòm pwensipal moun ki lakòz tout viktim sa yo; yon aksidan ke yo jije ki genyen lòt kòz kache. Temwayaj yo di a klè ke se menm Michel Chrisnet sila, ki te anpwazone yon sè’l ak yon ti nyès li nan mwa pase yo , e li te fè plizyè tantativ pou te touye sou kèlkeswa fòm lan, pwòp papa li ki rele Michel Fortune.
Kidonk, pandan yon katafal rimè ap sikile, anpil moun nan popilasyon an ta rete kwè, se manm fanmi li, sou plan mistik ki voye Michel Chrisnet al mouri nan terib aksidan sila ki koute lavi plizyè moun ak plizyè blese grav.






