Lame Dominikèn rapatriye anviwon 27 resòtisan yo abò 3 elikoptè lagè.

838

03 – 18 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Sòlda Lame dominiken pa sispann paweze nan syèl kapital peyi Dayiti nan dènye jou sa yo. Apre plizyè lòt nasyon te fin pran desizyon pou retire sitwayen yo nan peyi Dayiti, sèt fwasi, se kou pa prezidan dominiken an, ki deside san pèdi tan voye plizyè gason batayè abò 3 elikoptè vin evakye sitwayen yo.

Dapwè yon sous fyab k ap kolabore ak sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, pou pipiti 27 dominiken retounen lakay yo pami yo, 2 fanm ak yon ti bebe. Preparasyon sa yo fèt sòti ayè dimanch lan, pou rive jounen lendi 18 mas 2024 la.

Prezidan dominiken an Louis Abinader ki tap pale, fè konnen, gouvènman lap mennen an pran desizyon sa a se jis pou epanye sitwayen dominiken yo kont vyolans gang ame yo k ap miltipliye nan Pòtoprens chak jou ki jou.

Comments are closed.