Pawàs Sen Jozèf nan Kakas fete fèt patwonal li an gran panpan

563
1
Share:
TRiboLAND

03 – 20 – 2025

Kakas, Lèziwa, Ayiti_____(TRiboLAND) Jounen mèkredi 19 mas 2025 lan, plizyè santènn fièl legliz katolik pawas Sen Jozèf selebwe nan premye seksyon Kakas, komin Lèziwa, fete an gran panpan sen patwòn yo Sen Jozèf, sou tèm “Nou se pèlerin nan lesperans lan”. Aktivite sòlòkòtò yo te pran chè e pase san oken ensidan malgre pwoblèm ensekirite jeneralize a.

Kire pawàs la ki se pè Bernard Goursse nan komin Pestel, nan romeli sikonstans lan, denonse avèk anpil vigè yon konplo oligak konronpi nan peyi Dayiti ak nan entènasyonal la kont pèp ayisyen an.

Bò kote pale li, Pè Destiné Onold pou lokalite Kakas, ale pi lwen pou rabat romeli pè Goursse la, lè li elabore sou obligasyon tout papa timoun ayisyen yo, pou pwan responsabilte yo menm jan Joseph te fè li anvè Jezi kòm pè nourisè. Se konsa, finalman pè a raple kretyen legliz katolik yo, ke se depi lontan kriminèl yo te konn ap fè chas dèyè kretyen yo, tankou sa te fèt sou tan wa Erod ki tap chache touye Jezi.

Share:

1 comment

Leave a reply