Premye kontenjan fòs polis kenya yo debake an change nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

06 – 25 – 2024
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Tankou jan sa te anonse, premye kontenjan fòs polis peyi Kenya yo debake an chango jounen mèkredi 25 jen 2024 la nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.
Nan moman yo tap desann avyon Kenya Airways, polisye afriken sila yo ki te apeprè 400, te pwofite brandi drapo nasyonal peyi Kenya a, nan moman yo tap foule pou premye fwa tè gran zansèt yo “Ayiti”. Anpil moun estime, ke premye group polisye etranje sila a ta anime yon santiman fwatènèl ak yon fyète remakab nan kad pote kole pou bay premye repiblik nwa endepandan an yon kout men. Yon sipò ki vize eradike gang sangwen kap teworize sosyete ayisyèn nan depi plizyè lane.
Fas ak yon parèy debakman Misyon Miltinasyonal Soutyen Sekirite a (MMSS), yon foul moun te mase nan antouraj èpòt la, pou akefyi polisye kenyan yo ki te ame jous nan dan. Yo te egalman jwenn bonjan akèy bò kote Wo grade yo nan PNH la ki te mete gro dispozitif sekirite pou kontenjan gason batayè etranje sila yo ki te jwenn benediksyon Konsèy Sekirite Nasyon Tèt Kole yo (L’ONU).
Paralèlman bò kote gang sangwen yo, plizyè nan kriminèl yo deja mete bab yo alatranp. Anpil moun estime sèktè kriminèl sa dwe ekstèmine jous nan zo ak nan mwèl.
Pou anpil moun, se yo gro etap bò kote kominote entènasyonal la, pou bay PNH la jarèt nan kad restore sekirite ak lapè sou moso tè Desalenn nan.






