Nan kad pwojè KABOS la, CRS delivre prim ak sètifika bay kenz meyè plantè Kakawo

918

03 – 14 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Jounen jedi 14 mas 2024 lan, sou inityativ Catholic Relief Services, nan kad pwojè KABOS lan ki se Kakawo, bay bourad pou opòtinite ak siksè, diferan manm koperativ agrikol ak kenz benefisyè ki te soti atravè douze komin Grandans lan, resevwa prim tankou bèf, kabrit ak sètifika onè ak merit.

Patisipan yo ekspwime satisfaksyon yo pou fason CRS ede yo amilyore jaden kakawo yo apati pwojè KABOS lan. Se konsa, Agronòm Ricado Jeaniton, jesyonè pwojè kakawo – KABOS la, te chèf kanbiz nan seremoni remiz prim yo bay peyizan, plantè, elvè yo ki benefisye avantaj nan kad 2èm edisyon konkou pi bèl jaden kakawo Grandans lan.

Direktè depatmantal agrikilti Grandans, ak majistra Jeremi an, ki te asiste ekip CRS lan, ak responsab KABOS lan, fè santi satisfaksyon yo, pou fason peyizan plantè Kakawo yo, jwenn bon jan ankadreman ki rann yo rezilyan.

Nap raple, pwojè KABOS la finanse atravè fon kisoti nan depatman Agrikòl gouvenman Ameriken (USDA). Li evalye a yon montan 11 milyon dola ameriken, sòti ane 2017 pou rive nan ane 2025.

Comments are closed.