FHF mete fen nan kolaborasyon li ak antrenè Sébastien Migné aprè kalifikasyon istorik Ayiti pou Mondyal 2026

07/14/2026
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) anonse ofisyèlman, jodi madi 14 jiyè 2026 la, li rive jwenn yon antant ak seleksyonnè nasyonal la, Sébastien Migné, pou mete fen nan kolaborasyon yo yon fason amikal. Nan yon kominike, FHF fè konnen desizyon an pran nan yon lespri respè mityèl ak dyalòg, pandan chak pati ap prepare pou kontinye ak pwochen etap nan chemen pa yo.
Malgre separasyon an, FHF rann omaj ak pwofesyonalis, angajman ak devouman Sébastien Migné te montre pandan manda li kòm antrenè ekip nasyonal gason an. Federasyon an souliye pi gwo reyalizasyon li se kalifikasyon istorik Ayiti pou Koup di Mond FIFA 2026 la, yon siksè ki pèmèt peyi a retounen nan pi gwo konpetisyon foutbòl mondyal la, 52 lane apre premye patisipasyon li.
Nan menm kominike a, FHF remèsye Sébastien Migné pou kontribisyon li nan devlopman foutbòl ayisyen an epi swete l anpil siksè nan rès karyè pwofesyonèl li. Federasyon an fè konnen li rete angaje pou kontinye travay sou estriktirasyon ak pwofesyonalizasyon foutbòl la, ak objektif pou konsolide pwogrè ki fèt yo epi kontinye fè foutbòl ayisyen an grandi nan enterè tout aktè ki ladan l.






