Gro chato pil fatra kap fè moun eksplikasyon redwi konsiderableman sikilasyon an nan vil Jeremi.

670
0
Share:
TRiboLAND

03 – 31 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon temwayaj majorite manm nan popilasyon vil Jeremi an, depi yon bout tan, pil fatra tribòpabò rann sikilasyon an difisil preske nan tout ri yo nan vil Jeremi.

Nan katye rezidansyèl yo kou nan zònn ki genyen biwo piblik ak prive yo, pil fatra sou fòm pyramid ap fè konpetisyon; konsa, se avèk endis pouriti sila yo ke moun ta sanble sèvi kòm referans pou lokalize yon enstitisyon kèlkonk.

Sitwayènn, sitwayen yo lanse yon apèl ijan bay twa manm komisyon kominal enterimè Jeremi an, ki se
Sylmatha Pierre, Jean Baptiste Joël e Yvrose Pierre Alexandre pou manifeste yon tikal konsyans antanke moun kap administre komin Jeremi an e jere pwoblèm fatra kap miltipliye chak jou ki jou a.

Kèk kritik ale pi lwen pou yo ankouraje Leta Santral kenbe chèk tout anplwayè lameri ki pran yon malen plezi ap touche lajan taks popilasyon an san kenbe vil yo pròp. Nan bon sans, yo ta dwe kenbe chèk tout majistra ki parèt twò konfòtab ak fatra.

Share:

Leave a reply