Pou yon ènyèm fwa, plizyè dizènn sitwayen manm òganizasyon nan sosyete sivil lan , nan Jeremi manifeste pasifikman ,pou mande jij enstriksyon Gary Lundy arete tout konplis nan dosye sabotaj plan asfalt lan.

924

11 – 16 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Yo te plizyè dizènn manm òganizasyon nan sosyete sivil lan nan Jeremi, jounen jedi 16 novanm 2023 a; yo tap manifeste pasifikman pou egzije jij enstriksyon, Mèt Gary Lundy pwosede ak arestasyon tout konplis nan dosye izinn asfalt lan.

Sou tout pakou manifestasyon an, obsèvatè yo te kapab li, slogan ki egzije arestasyon direktè travo piblik Grandans lan, enjenyè Fanfan Decime, kòm prensipal moun ki dechèpiye plan asfalt lan ansanm avèk gravel lan ak yon pakèt lòt materyel enpòtan.

Nap raple, nan kad dosye eskanmòtè izinn asphalt la, se sèl enjenyè Sony Flerancier, PDG fim MKEH ke otorite lajistis yo nan Jeremi kenbe nan prizon depi plis pase yon mwa.

Konsa, kit se majistra komin Wozo a, Olin Jean Richard, ak direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, Fanfan Decime ke klamè piblik denonse, mesye annafè sila yo pa janmen parèt devan tribinal pou reponn keksyon lajistis.

Comments are closed.