Grèv nan lise ak nan divès lòt lekòl piblik yo ap rapouswiv nan Jeremi.

954

05 -24-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Lite nan vè 11:30 nan maten mèkredi 24 me 2023 a, elèv Lise Jènn fi yo te toujou ap bay blag nan lakou lise a kou sou galeri a akoz karans pwofesè depi 6 semènn.


Pwofèse lekòl piblik yo sou 6èm semèn depi ke yo pa mete pwent pye yo nan okenn etablisman eskolè leta yo nan vil Jeremi kou nan lòt komin depatman grandans lan. Objektif mouvman grèv pwofesé lekol piblik yo, se jis pou mande bonjan kondisyon de travay ki nan avantaj yo kòm pwofesè ak nan enterè systèm edikatif lan.

Elèv, paran yo bò kote pa yo mande leta ayisyen ak sendika anseyan grevis yo pou jwenn yon antant pou debloke kris la ki deja dire tròp.

Comments are closed.