Aktivite “kanpe travay” nan lopital Sen Michèl Jakmèl pou egzije 26 mwà aryere salè

2,465

05-30-2022

Jakmèl, Ayiti____(TRiboLAND) Pou egzije mèyè kondisyon travay ak 26 mwà aryre sale ak nominasyon yo kòm anplayè, ouvriye kontraktyèl yo nan lopital Sen Michèl nan Jakmèl tamen jodi lendi 30 me 2022 a yon kanpe travay.

Protestasyon sa ki paralize pi gro sant sante depatman Sidès la, okazyone plizyè malad lage pye yo e kite lopital Sen Michèl alòske yon ti group malad rete nan espas la san asistans medikal.

Doktè, enfimyè e ti pèsonèl la te gen gro difikilte pou pote tèt yo akoz yon seri fatra ak poubèl ki te gaye nan tout perimèt lopital la.

Comments are closed.