Ajan DAP kap travay nan anviwon 18 jiridiksyon ki gen prizon sivil peyi Dayiti yo, anonse nan jou k ap vini la yo y ap kanpe travay.

840

02 – 22 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan DAP k ap travay nan divès prizon sivil nan peyi Dayiti, anonse yo pral sòti nan silans yo akòz movè tretman y ap resevwa anba men gwo zotobre wo grade nan PNH la.

Ajan DAP yo fè konnen, se nan ti konn gout y ap fonksyone akòz yo pa gen materyèl. Pa gen jilè pa bal, bòt, BDU, kas, zam, minisyon poun site sa yo sèlman, vwa pou yo ta jwenn” prime de risk” yo jan sa pwevwa nan Manman lwa peyi a.

Nan sans sa a, ajan DAP yo raple gwo palto ki nan tèt CSPN nan tankou: Ariel Henry, Frantz Elbé ak tout Minis Jistis la, ke yo genyen 72 zè tan pou yo reyaji paske nan jou kap vini la yo, y ap kanpe travay.



Comments are closed.