Ministè sante piblik ak popilasyon ak OPS/ OMS oganize 2 jounen fomasyon sou sante mental ak swisid pou jounalis Grandans/Sid yo.

920

09 – 27 – 2023

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Sòti 26 septanb pou bout jodi mèkredi 27 septanb 2023 a, sou direktif ministè lasante avèk kolaborasyon OPS/OMS, yon sesyon fòmasyon sou “Sante mantal ak Swisid” demare pou jounalis nan depatman Grandans, Sid, Sidès ak Nip.

2 jounen fòmasyon sa yo, ke doktè René Domercant, kòdonatè nasyonal sante mantal ministè Sante Piblik ak Popilasyon, sansibilize ak fòme jounalis yo sou tematik ak fòmil kap ede yo trete bonjan enfomasyon sou sante mental ak swisid.

Konsa, plisyè jounalis ki pa vle rete dèyè ak metye a, tef è deplasman pou patisipe nan yon parèy sòlòkòtò. Konsa, responsab yo ap genyen pou klotire fòmasyon an jounen jodia, yon fòmasyon ki pèmèt pwofesyonèl medyatik yo genyen plis kapasite pou abode dosye sante mantal popilasyon an pi djanm!

Comments are closed.