Popilasyon an nan lokalite mòn Kayò pase nan pwogram bwa kale a, yon endividi ki t ap tante vòlò yon motosiklèt.

898

02 – 16 – 2024

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Pwogram bwa kale a kontinye ap fè chimen l nan 3èm seksyon Polen/Lakòn, komin Pòdpè. Byen bonè maten vandredi 16 fevriye 2014 la, popilasyon an, nan lokalite mòn Kayò enskri yon endividi nan pwogram bwa kale a, apwè li tap tante vòlè yon motosiklèt.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, endividi sila ki mouri an, tap tante mande yon chofè taksi moto a pou depoze’l nan yon zòn; se konsa, lè li rive li rale zam sou li.

Echape anba men kriminèl la, popilasyon an ki pa tap dòmi ta pral poze lapat sou bandi notwa a, epi kalifye li nan kad pwogram bwa kale a.

Comments are closed.