KONAK denonse konpòtman gouvènman ameriken atravè depòtasyon masiv ayisyen yo, men rann dirijan ayisyen yo responsab agoni peyi a

1,082

09/23/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Konbit Nasyonal Ayiti Kanpe (KONAK) deklare ke li estomake lè lap gade move tretman ak imilyasyon peyi Etazini ki rele tèt li chanpyon nan demokrasi ak respè dwà moun ap enflije plizyè milye migran ayisyen anba pon yon vil ki rele Del Rio nan Texas sou fontyè Meksik-Etazini.

Òganizasyon KONAK di pandan ke li pwewokipe sou zak ennimen gouvènman ameriken an sou konpatriyòt ayisyen yo; li fistije konpòtman sangwen ak kriminèl dirijan ayisyen yo tou fas ak yon parèy katastwòf. KONAK akise yo kòm kòriptè ki detoune plizyè milyon nan yon seri zak ke yo poze ki pa janm jwe anfavè majorite a, dapwè pòtpawòl Grégory Branche-D’or ki estime sangwen yo pa inosan nan agoni peyi a.

Comments are closed.