Ariel Henry ap fè bwàs pou kalme tansyon ant repiblik Dominikèn avèk repiblik Dayiti

2,085

11/04/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ariel Henry, Pwemye minis ayisyen an genyen echanj avèk pwezidan repiblik dominikèn mèkredi 3 novanm 2021 an, nan kàd tansyon bouch louvwi ki egziste ant de peyi vwàzen yo.

Nan objektif pou jete dlo sou plizyè jou tansyon “kifkif” ant Chanselye ayisyen an, Claude Joseph ak pwezidan dominiken an, Luis Abinader ki an revanche deside sispann viza etidyan ayisyen yo nan peyi panyòl la.

Fas ak yon parèy desizyon bò kote gouvènman panyòl la, anpil kritik estime ke li pa desan. Pami kèk vwà ki leve kanpe kont yon parèy desizyon emosyonèl, ou jwenn senate fanm dominikèn nan, Faride Raful ki mande pwezidan Abinader yon rekonsiderasyon fas ak yon parèy dispozitif ekstrèm.

Antouka, Ariel Henry ap trese lèl pou mete pi bon krese sere nan relasyon 2 peyi yo ki pataje menm lil. Konsa, otorite ayisyèn ap miltipliye bwàs pou voye yon delegasyon nan repiblik dominikèn avan lontan yon manyè pouk alme tansyon ak dife volan ki genyen ant 2 peyi yo.

Nap raple anpil ayisyen estime pozisyon chèf diplomasi ayisyèn nan genyen plas li, fas ak yon pakèt peyi kap pwofite e menm anrichi de siyasyon nwà peyi Dayiti a yon bò, e yon lòt bò yo vle montre ke yon sansib pou peyi Dayiti pandan yàp maltrete ayisyen e kanpe ankwà devan tout sa ki bon pou larepiblik Dayiti. Konsa, yon wè nan anpil peyi ki fè tèt yo pase pou zanmi Dayiti, yon atitid “ràt mòde soufle”, “se yo se pa yo”; e say o ap di ak bouch yo se diferan nan fason yap trete Ayiti.

“Peyi zanmi Ayiti yo toujou pwofite mete grif yo deyò plis sou peyi Dayiti, sitou lè lap fè fas ak plis difikilte. Abinader genyen sansiblite konsa pou Ayiti epwi li te deliberàmman voye èd alimantè ki ekspire bay Ayiti”, deklarasyon Julmiste Antoine, ki bat bwàvo pou pozisyon Claude Joseph la ki raple repiblik dominikènn ke se tout lil la ki genyen krim tòchon sàl; pa genyen youn nan nou ki blan ke lanèj selon dènye rapò depatman deta ameriken an ki lanse alèt wouj sou nivo kriminalite a nan tou 2 peyi yo.

Kèk lòt kritik estime pozisyon Luis Abinader a evidan; li raple ayiti se yon eta fayi ki pwèske pa nan liyn peyi ankò akoz yon kantite swadizan dirijan malad mantal ou esèvel wòwòt ke yo itilize pou efondre, piye, sakrifye e trennen nan mizè pwòp peyi ak sitwàyen lakay yo pandan yo pwefere envèsti sa yo vòlè nan lòt peyi vwàzen.

Pou Irène Cetoute ki toujou resanti tikàl ògèy kòm ayisyèn: “Se sòt ki bay enbesil ki pa pran! “Yon seri dirijan sangwen, iletre ki senpleman konnen li, chyen sanke, san karaktè, malad mantal ki kite blan an jwe yo, sangwen ki ta sipoze selon lalwà egzekite sou plas piblik pou fason yon efondre ak depatcha peyi. Yo disparèt lame yon repiblik, avann pyès pa pyès avyon ak bato degè yon peyi, elikòptè tout kalite se pa pale, lamarinn ak yon pakèt lòt enfwàstrikti tankou siman dayiti, Asko, minotri ak fasilite etidyan al lekòl kay vwàzen, ak disparisyon yon latriye lòt resous peyi a; konsa, ki rive ap lwe elikòptè nan menm peyi vwàzen; enpòte yon seri bagay ke li te genyen deja lakay li; se tout afè nòmal pou repiblik vwàzen an pase anba pye konpetans bagay ki rele dirijan Dayiti ak politisyen kòriptè ki asèpte al envèsti lakay lòt pèp ki genyen respè pou lakay yo. Se tout afè nòmal pou yo mache al mande antite sa yo padon ki genyen yon ti konprann plis lisidite nan jere peyi plis ke yo”.

Comments are closed.