Direktè Radyo Balade FM nan, Lou Evens Arné, reyaji sou diskou tèt chat premye minis ayisyen an.

916

02 – 08 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Pou direktè Radyo Balade FM nan, Mèt Lou Evens Arné, lèl fin tande diskou PM defakto Ariel Henry a, li remake plizyè bagay.

1- Pou li menm, se pa yon ayisyen ki fouti ekri diskou sa a, paske li sanble tèt koupe ak dènyè deklarasyon Eric Stromayer a nan Anbasad Amerikèn.

2- Pou kisa se militè ki ap bay PM lan sekirite epi li pale sèlman de Lapolis kòm Fòs Sekirite peyi a, ki se menm langaj Kominote Entènasyonal la ak moun nan Anbasad Amerikèn yo ki pa vle peyi a gen lame. Anplis, premye minis defakto Ariel Henry a pa mansyone militè yo, ki se fòs kap ba li sekirite. Pou Mèt Lou Evens Arné, sa sanble ak yon trayizon, PM lan trayi militè yo.

Direktè Radyo Balade FM nan rabat pou li raple moun kap di tranzisyon pa ka ranplase tranzisyon yo ke:
nan peyi Burkina Faso, èske se pa yon tranzisyon ki te ranplase yon tranzisyon ak pi jèn prezidan mond lan, ki se Kapitèn Ibrahim Traoré?

Li kontinye pou l soulinye ke, ansyen prezidan tranzisyon peyi Mali a Bah N’Daw ke Asimi Goīta ranplase l nan yon kou deta, èske se pa tranzisyon ki ranplase yon lòt tranzisyon? Seri analiz apwonfondi sa yo, pèmèt ak direktè a konseye ekip Ariel Henry a, ni moun kap analize diskou PM defakto a, pou yo pale sa yo konnen, men pa rantre bouch yo nan sa nou pa konnen. Li ankouraje yo pou yo lage 2 ou 3 tidegout “bonsans” nan bouch yo!

Comments are closed.