Lapolis nan kapital peyi Dayiti rekipere yon machin ofisyèl anba men bandi Bèlè aprè anpil boukantaj kout zam.

880

02 – 08 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Pou pi piti yon machin plak ofisyèl rekipere, yon jenn fanm mare kou krab, plizyè inifòm PNH retwouve, plizyè zam ak minisyon sezi, san konte yon radyo kominikasyon ak divès lòt bataklanm, se bilan ajan PNH yo nan zòn Channmas aprè plizyè minit ap boukante kout zam ak bandi san sal.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, machin plak ofisyèl sila tap sòti nan baz Bèlè pou vin kase bwèlta sou zòn Channmas la kwaze bab pou bab ak ajan PNH yo ki ta pral fè la dènye sou yo.

Paralèlman, enfòmasyon yo konfime ke jenn fanm ke Lapolis mare kou krab la se ta ka, Eveline Frédéric yon manman baz, yo fanm chèf gang ki pote non Kempès la.

Comments are closed.