Yon aksidan ant 2 motosiklèt lakòz plizyè moun pèdi lavi yo nan komin Akayè.

2,853

01/10/2022

Giton, Akayè______(TRiboLAND) Yon aksidan ant 2 motosiklèt nan komin Akayè, lokalite Giton lakòz 3 moun mouri byen bonè jounen lendi 10 janvye 2022 a vè 12h: 01 p.m.

Pami endividi sa yo ki rive jwenn lanmò yo nan kad kolizyon motosiklèt yo, genyen 2 nan yo ki rive jwenn lamò yo sou plas. Konsa, dapwè deklarasyon korespondan TRiboLAND nan Akayè, lòt endividi ki rive jwenn lanmò li a, se lakòz yon machin ki fini ak li. Lè moun ki nan zòn nan parèt ap kanpe machin sila pou chofè a, kwazman motosiklèt yo bay aparans barikad kèk gwoup gang kap opere sa te lakòz li mete gaz e rive pase sou youn nan aksidante yo ki vin answit okazyone 3 mò.

Li enpòtan pou konnen, chak motosiklèt sa yo te genyen 3 moun sou yo, sa kite bay yon total 6 jèn gason.

Nap raple ou, li te difisil pou yo te arive jwenn idantite endividi aksidante yo. Rele lapolis ak anbilans se te nad marinad!

Comments are closed.