Yon Mastè Taekwondo konstwi yon lekòl pou timoun apwann art masyal gratwit

376

Emerson Wong se yon mastè nan Taekwondo ki se yon batayè kowodinatè pou  sinema Hollywood yo, konstwi yon lekòl pou timoun apwann karate gratwit an Ayiti.

Mastè-a ki se egalman pwopwiyetè “Pulse Martial Arts Academy nan Toronto, yon lekòl ki konbine mouvman tradisyonèl ak modènn ki bay yon jenerasyon atlèt wot pèfòmans, konpetitiv pou lavi ak pou pwestasyon.

“Kòm atis masyal, nou genyen plis pase yon bilyon zouti nan sistèm art masyal la ki kapab ranfòse disiplinn ak konfidans,” dapwè Wong.

Nan lane 2016, pandan li te nan yon misyon imanitè nan peyi Dayiti, Wong te pote kèk materyèl karate bay divès lekòl nan vil Piyon nan Nò peyi Dayiti. E se la, mastè-a pwal rankontre yon gwo karateka ayisyen ki gen yon rèv pou ouvwi pwòp lekòl li yon jou. Konsa, Wong te wè yon opòtinite pou fè yon diferans.

“Mwen te panse, mete sou pye yon lekòl pou timoun yo ak pou chak moun ki vini lekòl la apwann gratwit,” dapwè Wong.

“Pwojè Pulse Martial Arts Haiti” a te fini nan mwa Novanm 2019 la. Se yon lekòl ki konstwi nan objektif pou pwomote onènètete, entegrite ak oto-disiplinn. “Sa fèm kontan lè mwen wè mwen fè yon diferans,” dapwè mastè-a.

Comments are closed.