Gary Lundy, Jij enstriksyon e alafwa Dwayen AI jiridiksyon Jeremi an, denonse pèsekisyon ke lap sibi.

966

01-26- 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Matin jedi 25 Janvye 2024 lan, nan deklarasyon li te fè nan mikro TRiboLAND, Gary Lundy, jij enstriksyon jiridiksyon Jeremi an, e alafwa Dwayen AI tribinal premye enstans lan, denonse pèsekisyon ke lap sibi.

Jij Lundy, fè konnen endividi ke li pa rive idantifye, pase kadna ak chenn nan baryè lakay li, sa ki te mete l nan difikilte pou li te soti deyò e menm paralize tout aktivite li.

Lundy rapouswiv pou li di, se gras ak jij depè ki te akonpaye lapolis, plis grefye ki te rann yo sou plas, pou fè konsta legal sekestasyon majistra a.

Antouka, Majistra Lundy, ki pat kapab idantifye lotè aksyon malonèt sila, mande lapolis ak lajis pou ouvwi yon ankèt, e jwen vrè koupab yo. Nap raple, Gary Lundy se sèl jij enstriksyon ki genyen nan jiridiksyon Jeremi an, kap enstri dosye pou 14 komin depatman Grandans lan, e li se egalman Dwayen AI tribinal lan. ‎

Comments are closed.