Popilasyon an nan komin Kafou pase 3 bandi sangwen anba flanm, nan kad pwogram aplikasyon bwa kale a.

831

01 – 24 – 2024

Kafou, Ayiti____(TRiboLAND) Pwogram bwa kale a kontinye ap fè chimen li nan depatman Lwès peyi Dayiti. Popilasyon an, nan lokalite Dokaryann ki te deja an kolè, touye epi pase anba flanm dife 3 gwo koure sispèk, nan kad pwogram bwa kale la.

Dapwè enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rekeyi bò kote plizyè notab nan lokalite kote enskripsyon te egzekite a, fè kwè popilasyon an te jwenn bandi sa yo ak gwo zam nan men yo san pyès idantite.

Popilasyon an ki kanpe rèd kou ke makak nan lokalite fè konnen, malgre van e mare yo pa deside livwe lokalite Dokaryann bay bandi sangwen yo.

Comments are closed.