Plizyè dizènn manm koperativ te reyini nan Dam Mari pou fete jounen entènasyonal lan.

937

07-02-2023

Dam Mari, Ayiti____(TRiboLAND) Pou make jounen entènasyonal koperativ agrikol ak ekonomik yo premye jiyè 2023 a, nan depatman Grandans lan, plizyè manm delegasyon ki te soti atravè diferan komin depatman Grandans lan, te reyini nan lakou Dam Mari, patikilyèman nan lokal CAUD an.

Aktivite yo nan okazyon an, te dewoule sou tèm : “Koperativ”, yon zouti pou ede nou devlope. Majorite koperativ yo ki te patisipe nan aktivite komemorativ pou ane a, te benefisye sipò teknik ak bourad lajan ONG, CECI, peyi Kanada; se te nan kad pwojè adaptasyon klimatik ak valorizasyon ekonomik filyè agrikol Yanm ak Kakao.

Prezidan CAUD la, mesye Jean Mary François ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, pale sou bon kote yon oganizasyon nan gouvenmantal tankou CECI, nan kad aplikasyon pwojè AVETI a, ki pote chanjman reyèl nan mitan koperativ yo nan Grandans.

Comments are closed.