Pòdpè aksidan: Yon machin pase pran 4 timoun sou wout Ti fon an, pandan yap sot nan dlo.

895

03-27-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) 4 timoun viktim nan yon grav aksidan sou wout Ti Fon an, nan komin Pòdpè jodi lendi 27 mas 2023, nan fen aprèmidi a.

Timoun yo tap boske tigout dlo, pandan yo sou wout la, yon machin kap soti sou Pòdpè, pase pran yo sou wout la. Fednica, Fedline, Wislène ak Dada se non 4 adolesan ki gen ant 8 a 12 lane kap soufri sou kabann Lopital Imakile Konsepsyon.

Machin 4Runner blan, ki imatrikile NN-00960 ki enplike nan aksidan an, te jwen anpil kontrent bò kote popilasyon lokal la. Yo te mete men sou chofè a, men proteje li pandan ke yo te remèt li bay lapolis.

Nan dènye moman yo, aksidan pa sispann fèt nan komin Pòdpè a, divès moun ki viktim pa ka jwenn ti moso swen nan lopital Imakile, anpil fwa ki pa menm gen yon moso twal gaz.

Comments are closed.