Nèg ak zam Kanaan rache yon dam an miyèt moso sou akizasyon “Antèn Lapolis”.

721

12-29-2022

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nèg ak zam Kanaan touye yon dam e rache li an miyèt moso akoz li ta sanble sèvi Lapolis antèn.

Daprè yon videyo ki montre bandi sangwen yo ap fè dam lan pale, li di se yon polisye ki rele Roscar Junior ki te fè-l moute sou yon cha pou al bay vòlè parèy li yo. Li kontinye pou di sak fè-l te vin nan pale ak polizye yo, se youn ki te mande li pou fè yon ti zanmi ak li. Nan videyo a toujou, dam lan di li te refize monte, men sou egzijans tout polizye ki te sou cha, li te monte.

Aprè anpil tan nèg ak zam yo fè ap fè dam lanap pale, li vin avre ke li te di polisye yo lap fè yo jwenn nèg yo. Pou fini, bandi yo touye-l e rache li an miyèt moso. Daprè kèk sous, malerèz la ta mouri kite 2 timoun. Nap raple, bandi yo ki gen kontwòl divès kote nan lwès la, tankou : Kanaran, Pènye, Vilaj Dedye, Gran Ravin, Petyonvil, e latriye.

Comments are closed.