Opozisyon an nan Nòdwès detrese jodi a bò tèt PHTK

230

01/28/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon koferans pou lapwès jodi jedi 28 janvye 2021 an nan vil Pòdpè, ansanm strikti ki konpoze opozisyon politik la nan depatman nòdwès la, detrese bò tèt gouvènman PHTK a pou nan kalfou labou difisil ke li trennen peyi a.

Konferans sa ki te reyini diferan reprezantan òganizasyon ak Pati politik nan opozisyon an tankou : Fusion, Molah, Fòs nou, fanmiy Lavalas, Fwon patriyotik popilè (FPP), AAA, pitit Desalin e latriye, yo tout mande popilasyon an leve kanpe pou fè respekte echeyans konstitisyonèl manda Jovenel Moise la ki, selon Manman Lwa peyi Dayiti a ap fini nan kelke jou.

Yo demanti egalman Jovenel Moise ak tout patizan li yo ki vle fè konnen ke gouvènman Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) ap regle yon pakèt bagay nan Nòdwès. Yo deklare ke se achifo!

Yo akize koup prezidansyèl la dèske yo okazyone yon pakèt moun mouri nan ale al rele lèsen pou mande pasaj atravè tout peyi a. Responsab yo ki di ke yo angaje yo nan yon batay mistik tou; “menm sa Premye Dàm Martine Moise konnen an, yo konnen’l tou. “Vye manman pare pou zepina, zepina pare pou vye manman”,  se pami yon latriye slogan ke politisyen yo t’ap lanse jodi jedi 28 janvye 2021 an nan Pòdpè.

Yo mete egalman anfaz aprè Jovenel fin ale 7 fevriye 2021 an pou yo fouye je gade sou yon seri pwojè kote ke sous lajan yo pa klè e nòm pasasyon mache yo ta sanble pa respekte. Pami reprezantan politik ki te prezan ou jwen: Maxo Noël ak Paul Élie Faustin, youn nan opozan fawouch PHTK a nan Nòdwès.

Comments are closed.