REDANO : Pwofosè sendikalis Oscar Guilaire, bay Leta Ayisyen responsab echèk sistèm edikasyon an.

414
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TRiboland) Nan yon rankont ak laprès, jounen madi 13 me 2025 sila, plizyè Sendika Ansenyan yo nan Nòdwès, pami yo Rezo Depatmantal Anseyan Nòdwès (REDANO), atravè kowódonatè depatmantal li, pwofesè Oscar Guilaire, denonse otorite yo nan peyi Dayiti li di ki pa gen nan djakout yo Ledikasyon ki se baz development yon peyi, kòm priyorite yo.

Selon pwofesè Oscar, olye pou minis Edikasyon nasyonal la, mouche Antoine Augustin, reponn ak ansanm revandikasyon anseyan grevis yo ki paralize bòn mach sistèm nan depi louvèti ane 2025 lan, li deside mete kanpe yon seri kou ratrapaj atravè etablisman piblik yo. Objektif inisyatif sila, vize pou elèv klas ofisyèl yo kapab pou bòykote mouvman grèv anseyan yo ki pa sispann mande yon mèyè trètman.

Nan sans sa, pwofesè Guilaire ankouraje tout elèv 7è, 8è Af ansanm ak elèv N1, N2, N3 atravè peyi a pou yo debake anfoul tout kote kou sa yo ap dispanse pou reklame dwa yo; yon siy ki pral montre klèman klè “Si pa gen pou youn, pa ka gen pou lòt “.

Sendikalis la, pwofesè Oscar Guilaire, rabat pou li di ke yo pa deside lache bay jiskaske minis Edikasyon Nasyonal la, msye Antoine Augustin, reponn ak ansanm revandiksyon anseyan yo ki se: nominasyon anseyan kalifye ki nan klas yo; aryere salè, ajisteman gril salaryàl, katdebi ak yon pla cho chak maten pou timoun lekòl yo……. pou n site sa yo sèlman.

Share:

Leave a reply