Fòs lòd yo nan vil Jeremi mete anba kòd yon prezime gang nan baz Jeff Gwo Lwa nan Kanaran.

748


05 – 09 – 2024

Jeremi, Ayiti__­­__(TRiboLAND) Fòs lòd yo nan depatman Grandans peyi Dayiti, patikilyèman nan komin Wozo, mete anba kòd Joseph Wandly alyas Dodo, yon prezime gang nan baz Jeff Kanaran.

Dapwè enfòmasyon PNH la founi sou sit ofisyèl li, Wandly Joseph alyas Dodo, ta patisipe nan dram kite fèt sou fidèl pastè Marco yo e se li menm ki responsab zafè resèt nan baz sila.

Nan moman seyans entèwogatwa la, Wandly Joseph bò kote pal ap chèche voye jete byen lwen tout kèlkonk akizasyon ki ta fè kwè ke li ta nan konivans ak gang Jeff Gwo Lwa kap opere nan komin Kabarè.

Nan moman n’ap pale la, prezime kriminèl la toujou anba men SDPJ nan depatman Grandans peyi Dayiti, patikilyèman nan vil Jeremi.

Comments are closed.