Popilasyon an nan awondisman Gwomòn bloke wout nasyonal # 8 la, pou revandike reparasyon Pon Dimez.

1,179

07-06-2023

Gwomòn, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon an nan awondisman Gwomòn, patikilyèman, 8è seksyon kominal ravin Gwomòn, bloke wout nasyonal # 8 la, jounen jedi 06 jiyè 2023 a, pou egzije reparasyon Pon Dimez la, ki te kraze depi aprè pasaj gwo tanpèt lapli depi nan lane 2022 a.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou, nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, mouvman pwotestasyon sa a, tanmen jounen jedi 06 jiyè 2023 a, se swit ak tantativ ki tap fèt pou leve materyèl yo, pou ale ak yo.

Popilasyon an ki te deja ap swiv jwèt mèt dam fim SD konstriksyon, ki pat regle anyen ak anviwon 74 milyon goud, ki nan men yo a, tou bloke lari a ak yon anjen lou.

Nan moman nap pale a, pwotestatè yo fè konnen, tou totan yo pa retounen sou desizyon yo, wout nasyonal #8 la ap toujou rete bloke.

Comments are closed.