Yon abit nan depatman Nò peyi Dayiti resevwa yon katouch nan moman li tap abitre yon match ti poto.

959

01-03-2024

Katye Moren, Ayiti__(TRiboLAND) Sektè foutbòl la resevwa yon gwo kou nan Nò peyi Dayiti. Abit Dilinx Pierre, resevwa yon bal aprè midi 02 janvye 2024 la nan komin Katye Moren, nan moman li ta abitre yon match ti poto.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, zak malonèt sa a ta kapab poze, nan moman abit la te fin pran yon desizyon ki pat jwe anfavè yonn nan ekip ki te fas a fas yo.

Mekontan kont desizyon abit Dilinx Pierre, yon fanatik ki te nan foul la san ezite rale zam li epi tire abit la nan senti. Enfo yo ta vle fè kwè ke li ta mouri, alòske kèk sous kredyb, konfime ke abit Pierre nan yon eta kritik, men lap pran swenyaj nan yon lopital nan Nò peyi a.

Comments are closed.