Sid : Lapolis mete men sou yon jèn gason ame nan zòn Bwa Lo

01/26/2026
Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Sid la mete anba kòd, jodi dimanch 25 janvye 2026 la, yon jèn gason ki pote non Nelson Sully, pandan yon entèvansyon ki fèt nan zòn Bwa Lo.
Selon enfòmasyon fòs lòd yo, ajan yo te jwenn Nelson Sully ak yon zam afe sou li, li te byen kagoule, e li te genyen tou yon pake pay sèch nan men l, yon sibstans ki sanble ak mariwana. Sitiyasyon an leve sispisyon lapolis, sa ki mennen yo arete l sou plas.
Pou kounye a, jèn gason an anba gadavi nan komisarya Okay, kote y ap mennen tout pwosedi legal ki nesesè yo anvan yo transmèt li bay lajistis.
Direktè Depatmantal Polis Sid la, Allan Jolicoeur, deklare pandan li sou tèt direksyon an, li pap tolere okenn endividi k ap chache simen latroublay oswa ensekirite nan jiridiksyon li. Li renouvle angajman lapolis pou kontinye travay san pran souf pou garanti sekirite moun ak byen nan depatman an.






