Otorite depatman Nò yo, bay trafik zam latwoublay yon gwo pakala nan vil Katye Moren

Katye Moren, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon operasyon marasa ke BLTS rejyon Nò ak ajans Brigad Siveyans dwanye yo fè nan komin Katye Moren, ajan yo arive poze lapat sou plizyè zam ak minisyon jounen 6 janvye 2026 la.
Nan jounen apwemidi yè madi a, ajan yo ki te sanble genyen kèk soupson de yon kontenè matrikile ASJU5884650, ki te soti nan peyi blan meriken, te arive enspekte kago a nan Kap Tèminal S.A. 2 (CTSA 2).
Nan fouye zo nan kalalou, ajan fouyapòt dwanye yo arive dekouvwi anndan estrikti a, senk bwat katouch L663. Anplis, yo jwen egalman nèf pistolè mak kalbi varye, ak nèf chajè e 500 katouch kalbi 7.62 x 39, pou sangwen tèt pa bon al touye pwòp ayisyen parèy yo.
Apwè fouy ak poze sele, lapolis arive fouke 2 poulen ki ta enplike nan yon parèy zak kriminèl. Yo idantifye sangwen sila yo sou non: Clevickson Servius e Willy Pierre, yo te sou plas nan moman enspeksyon an. Konsa, Mèt Bimps Noel, ki te ansanm avèk kòlèg li, Mèt Kattia Joseph te drese pwosè vèbal trafik ilegal zam latwoublay la.
Tankou jan sa toujou fè, otorite yo dijilante yon ankèt pap padap, ki petèt pap janm abouti ak yon rezilta. Li enpòtan pou sinyale, trafik zam ak krim kòmanse ap bay anpil laperèz ak bouch pa kou nan depatman Nò peyi a.





