Lajistis Jeremi lage yon manda mennen vini dèyè vis-delege Mes Chaumette pou akizasyon vyòl ak kadejakè

215

01/05/20

Jeremi_____(TRiboLAND) Komiseè gouvènman Jeremi a, Me Pyram André lage yon manda “mennen vini” dèyè vis-delege Bomon an, Mes Chaumette ke yo akize pou zak vyòl, kadejakè ak sisinaj sou yon ti lèzanj 14 lane samdi ki te 2 janvye nan depatman Grandans lan.

Yon parèy desizyon legal antre nan kàd desizyon yon batri avoka (Thervil Pierrin, Applys Félix e Lacks Cadette) kap pare kou pou viktim nan e yo egzije ke yon mete aksyon piblik an mouvman kont presume kadejakè a, vis-delege Chaumette.

Avoka yo ki reprezante viktim nan ki se Lili, raple ke zak sisinaj Mesye Chaumette la tonbe anba lwa penal ki aktyèlman an vigè anndan peyi Dayiti.

Comments are closed.