Ensidan regretab rive Wo Bell nan komin Anzdeno.

189
0
Share:
TRiboLAND

03- 09 – 2026

Anzdeno, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan Komin Anzdeno yon grav ensidan rive yon jènn gason 22 zan ki rele Wo Bell, resevwa yon katouch nan kou nan jounen 6 mas 2026 lan. Selon temwayaj kèk manm nan popilasyon an, se swit a yon endividi ki rele Jan Frann ensi koni, ki te finn kase tèt komisè polis Amose Saint Louis ki se komisè pou awondisman Anzdeno.

Viktim lan ki kouche sou kabann lopital denonse otorite lajistis yo ki pa fè okenn swit legal jidisyè, malgre tout ankèt yo revele, katouch ki al pwan Wo Bell la, se bal ki sòti nan zam yon ajan polis ki afekte nan komisarya Anzdeno a. Konsa, yo mande Enspeksyon Jeneral pou louvri yon ankèt serye pou detèmine pwovenans katouch lan.

Share:

Leave a reply