Bandi sangwen krible 3 moun anba bàl nan Kafou yèswa

442

04/018/2021

Kafou­__________(TRiboLAND) Komin Kafou ki se pa pòt sid kapital la, leve jwen jodi dimanch 18 avwil 2021 an kadav 3 endividi ke bandi ame san fwà non-idantifye krible anba bal yèswa.

Enfòmasyon nan chanm redaksyon TRiboLAND, fè eta de 2 endividi ke yo jwen krible nan machin yo nan zòn Thor tou pwè “Le Créole Night Club”. Pami viktim yo ou jwen Junior Midy pitit gason minis Midy. Aloske pi wo nan komin Kafou yon lòt kadav tap benyen nan san li nan restoran ‘Le Jardin”, Cote Plage 18.

Zak asasinay yo depi kèk tan yo bay anpil laperèz ak endinyasyon jeneralize nan komin Kafou.

Comments are closed.