Koperasyon : Ariel Henry fè yon seyans travay ak yon delegasyon ki soti nan peyi Kolonbi

955

12 – 16 – 2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) PM Ariel Henry, ki genyen non li ki endeske nan asasina pwezidan Jovenel Moise, mennen yon seyans travay ak yon delegasyon peyi Kolonbi, jounen vandredi 15 desanm 2023 a. Yon seyans travay ki antre nan kad amelyore rapò zanmitay ak kòkòday ant peyi Dayiti ak Lakolonbi nan nivo enterè 2 peyi yo.

Se minis Relasyon Eksteryè kolonbyen an, Mesye Alvaro Leyva ki tap dirije delegasyon kolonbyèn nan, alòske minis Afè Lòt bò Dlo peyi Dayiti a, Mesye Jean Victor Généus tef è santi pwezans li egalman nan yon kontèks kote diskisyon yo te plis chita sou kesyon pwomosyon ekonomik ak komèsyal, jistis, politik bilateral, sekirite, migrasyon, koperasyon edikativ, kiltirèl ak teknik.

Comments are closed.