Jovenel Moise reyitere volonte li pou konsantre dènye ke manda’l la (yon lane) sou kouran 24/24

240

12/21/20

Pòtoprens____(TRiboLAND)“4 lane pa bay problem, men yon ti 1 nan bay problèm,” se slogan sa prezidan Jovenel Moise te kite nan tèt yon group moun ki tap tande’l nan Plato Santral samdi ki te 19 desanm 2020 nan kàd chèche konnen ou soulaje mizè rere plantè yo kap pran lanm nan remanbre agrikilti a.

Jovenel ki te nan tèt yon delegasyon pa sispan avili gran manjè koulèv plizyè tèt peyi Dayiti a. Li te pase men ankò sou yon ti klik 5 mafya li di ki chita Pòtoprens ap depatcha peyi a: sa ki mete men sou elektrisite, sou gaz la, sou pò yo e eksetera. “Se konsa nèg yo separe peyi a,” daprè Jovenel ki deklare se pa problèm “ti 1 nan” ki problèm nan, men se paske “ti 1 nan” an pràl tounen 10 zan, yon similitid ki pa ta klè tèlman pou anpil moun.

Antouka, chèf leta a reyitere volonte li pou kontinye kenbe pouvwa ki ta sanble rele’l chèmèt chèmètrès fas ak yon opozisyon ki senpleman ap gaye pay san aksyon konkrè fàs ak yon lapli dekrè san rete egzekitif PHTK a pa sispan pibliye.

Konsa pou Jovenel, randevou kase pou yon lòt lane ankò malgre roule atè opozisyon an, daprè sinyàl Jovenel Moise voye yo. Dènye lane ejeretyen ki nan diskisyon an, deja prekonize yon latriye projè ke pouvwa PHTK a  detèmine pou sèktè enèji kap chita sou program elektrisite 24/24 Jovenel Moise ki ta sanble toujou nan pasaj.

Comments are closed.