Plizyè sitwayen pwoteste an solidarite avèk pèp ayisyen nan Monreyàl

0 510

Plizyè sitwayen kanadyen pwoteste ayè Samdi 12 Oktòb 2019 la, devan ofis kanpay Liberals la ki nan Park-Extension pou fòse gouvènman federal la kondane ak divòse selon yo menm avèk rejim kòwonpi ayisyen an.

Dapwè Frantz André, manm Solidarité Québec-Haiti, “koulya genyen yon pwoblem nan peyi Dayiti, se gè sivil, moun ap mouri, yo pa gen manje e yo bezwen solidarite.”

Pwotestasyon Monreyàl la fèt kèk semènn depi ke pwotestasyon pa sispan miltipliye nan peyi Dayiti akoz yon kris ekonomik e avèk dènye ramasaj vag vyolans yo ki okazyone asasina ki fèt sou jounalis Nehemy Joseph pou Radyo Panik FM ak Radyo Mega ki te toujou fidèl nan kouvwi pwotestasyon yo.

Antouka, Monreyalè yo te fè yon sèl fwon komen pou yo te montre solidarite yo avèk pèp ayisyen nan mande Kanada pou aji pwese pwese. “Ke se gouvènman Liberal, Konsèvatè, NDP, Green, kelkeswa sa li ye a, nou vle fè yo konnen ke yo dwe rekonèt dwa imanite pèp ayisyen an; e rekonèt tou ke yo gen dwa pou yo chwazi pwòp pwezidan yo”, selon manifestan Jean Saint-Vil.

Solidarité Québec-Haiti , 12 Octobre 2019

Pwotestatè yo akize gouvènman Kanada kòm youn nan konplis yo ki mete Ayiti nan eta sa. “Gade yon gouvènman pope twèl ki anba a,” dapwè Saint-Vil. “Olye pou li ta tande e respekte souverènnte pèp Ayisyen an nan kad tradwi tout vòlè yo devan Lajistis, yo chita ap pwoteje yo. “Gouvènman Kanada chita ap di moun pa ale an Ayiti, alòske lap sipòte menm gouvènman kòwonpi sa; se pa serye.”

Plizyè pankat tap mande Kanada, Etazini ak Lafwans pou kite peyi Dayiti. Plizyè candida politik tou ki soti nan Nouvo Pati Demokrat ak Blòk Kebekwaz nan Papineau te pwezan nan kad pote sipò yo bay kominote ayisyènn nan ki nan Monreyàl.

Konsa, pwotestatè yo pwomèt plis aktivite pwotestasyon sitout fwa gouvènman Trudeau a pa reponn yo, dapwè Andre youn nan manm òganizatè mouvman sa.

Leave A Reply