BIJER, se yon inite espesyalize lapolis la nan Jeremi ki genyen pou misyon tabli lòd.

1,017

12 – 05 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Direktè jeneral enstitisyon polis nasyonal lan, Frantz Elbe, nan sousi pou garanti lòd piblik ak pwoteje lavi ak byen sitwayen ak sitwayènn yo nan Jeremi, mete kanpe Brigad Entèvansyon Jeremi nan nivo direksyon depatmantal enstitisyon polis la.

Inite espesyalize sa a, ki sou kòmand Direktè depatmantal PNH Louis Edner Yassainthe, genyen pou misyon, deniche bandi asasen, residivis tout plim tout plimaj yon fason pou tout sitwayen ak sitwayènn pezib sikile san kè sote.

Inite sila, ki responsab lapolis nasyonal la nan Jeremi prezante bay gran piblik la yè aprèmidi, 4 desanm 2023 a, pwomèt pou aji selon la lwa ak règleman PNH la. Konsa, inite sila a, e mande kolaborasyon tout moun tèt dwàt nan Jeremi.

Comments are closed.