Pòdpè : Anpil pase men ap fèt sou wout Lopital OFATMA a

879

12 – 05 – 2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Prèske 2 semèn pase deja, depi travay wout pou soti nan vil Pòdepè ale nan Lopital OFATMA a kòmanse. Selon enfòmasyon ki disponib, se yon travay k ap fèt nan lide pou lopital la inogire, yon inogirasyon ki te dwe fèt depi finisman lane 2021.

Wout sa, depi lapli tonbe, chak moun rete nan zòn ou paske, ni moun ki sou veyikil, ni pyeton pa anmezi pou fè wout la, tèlman li totalman enpratikab. Nan sans sa, travay yo ap vanse, yon fason pou wout la vin nòmal pou moun kapab frekante li, selon sa otorite yo fè konnen.

N ap fè w konnen, enfòmasyon ki disponib fè konnen se 5 milyon dola ameriken ki disponib pou travay wout Pòdepè – Lasalin nan fèt. Kidonk, se yon wout ki pa ta dwe kanpe pou pwoblèm kòb. Men, gwo kesyònman ki deja soulve sou kòb sa, se « Nan men kiyès li ye?»

N ap raple w, se yon wout ki ta sipoze asfalte pou rive nan lopital la, e se yon lopital ki vrèman vewouye ak kesyon politik. Espas la poko menm kòmanse sèvi popilasyon an, li gentan pase plis pase 3 Direktè Jeneral.

Comments are closed.