Yon ansyen kad nan Pakè Pòtopwens, tonbe anba bal lapolis pandan l’ap rantre nan Vilaj de Dye.

1,296

Lesly Leconte, se non yon ansyen anplwayè nan pakè Pòtoprens, ki vin ogmante lis gang kriminèl ki tonbe yo, jounen madi 23 me 2023 a.

05-24-2023

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Lesly Leconte fè vwèl pou peyi san chapo, aprè’l fin resevwa divès katouch anba men lapolis nan moman li tap tante rejwenn ekip li nan Vilaj de Dye.

Enfòmasyon yo fè kwè, ke Lesly Leconte, se ta yon ansyen ajan PNH, gen lòt tou ki revele ke li se yon ansyen anplwayè nan pakè Pòtoprens.

Nan moman nap pale a, pèsòn pako ka idantifye, si Lesly Leconte te fè pati baz gran kriminèl Izo 5 Segond, oubyen yon lòt kan.Yon sèl bagay nou kapab konfime sè ke nan moman aksyon an, lapolis rive rekipere yon gwo zam manch long anba men kriminèl la.

Comments are closed.