Protestasyon : Senk moun blese anba bal lapolis nan Jakmèl

2,076

Jakmèl, Ayiti__(TRiboLAND) Dezyèm jounen manifestasyon kont gouvènman san vègòy PHTK -Ariel Henry okazyone senk moun arive blese nan moman protestasyon yo nan Jakmèl, madi 23 dawou 2022 a.

Konsa, viktim yo ki pote non: Denis Lainé, Jude Désir, Timothé Jeff, Darley Content e Ardan Sauveur tap patisipe nan gro mouvman protestasyon kont sekirite e yo te arive blese anba bal lapolis nan moman protestasyon yo; alòske genyen dwàt jouda ki lonje sou backup lapolis ki te tou prè avni Barankiya nan Jakmèl.

Paralèlman, kritik yo bay BLTS responsab egalman lanmò 3 moun ak 15 blese nan vil Okay. Yon konpòtman pou anpil moun ki revòltan fas ak kri detrès ak eksplwàtasyon jeneralize popilasyon an ap subi.

Nap raple, viktim yo ap pran swen medikal nan lopital Sen Michel nan Jakmèl; sante yo pa andanje.

Comments are closed.