Lanmò sibit enspektè polis Milot Joseph afekte abitan yo nan nevyèm seksyon kominal Jeremi.

05 – 29 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk tristès, dezolasyon ak dlo nan je, fanmiy, pwòch, patizan ou senpatizan apwann lanmò sibit enspektè polis Milot Joseph, ansyen responsab sèvis depatmantal polis jidisyè a nan Jeremi. Li te egalman manm biwo rekritman pèman enstitisyon polis lan nan Grandans.
Osite rèl te pete adwàt e agoch nan nevyèm seksyon; anpil nan temwayaj pwòch enspektè yo fè konnen ke Milot sete yon moun andedan fòs polis la ki te trè disipline ; yon òm karaktè ki pat genyen non li site nan nenpòt ki voksalpami ou move zafe, depreferans se te yon kad distenge ki te souvan jwen gwo apwesyasyon anba je lòt ajan polis yo. Yo te kalifye li kòm yon chèf ki pat twò alamòd nan fason li tap viv antanke moun.
Manm popilasyon an nan Jeremi, zònn nevyèm seksyon kominal Jeremi apwann TRiboLAND.com, malgre estati polis Milot Joseph andedan fòs polis nasyonal lan, li pat janm transfere nan oken lòt depatman peyi a.
Milot Joseph te fè pati dezyèm pwomonsyon fòs polis la. Aprè l te gradye e entegre enstitisyon an, pou jouk li mouri li te nan mitan depatman an kòm pitit kay. Li kite 2 pitit ak yon madam. Ki donk enspektè polis Milot Joseph mouri nan lopital Sentantwann Jeremi aprè l te finn sibi yon operasyon nan janm. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!






