Plis pase 5,790 ilegal Ayisyen arete nan Repiblik Dominikènn pou mwa Jwiyè-a

0 292

DAJABON, REP. DOMINKENN__(TRiboLAND) Plizyè milye sitwayen ayisyen te jwenn arestasyon yo akòz de yon gwo travay entelijans ak operasyonèl ofisye Sekirite Fontalyè Repiblik Dominikènn yo te mete sou pye.

Majorite operasyon yo te sible aktivite kontrebann machinn pandan te gen lòt operasyon ki tap rapouswib pou boske apepwè 5,790 ilegal Ayisyen nan mwa Jwiyè –a  apwè yo te fenn antre anndan peyi panyòl ilegalman.

Pami bagay yo sezi yo, yo jwenn: truk, plizyè lòt vehikil, plizyè douzènn motosiklèt, mariwana, epis lay, sigarèt, bwa tizann, sik, chabon, ak 9 systèm fou pou fè chabon.

Leave A Reply