PapPadap Enfo

253
0
Share:
TRiboLAND

  

Pap Padap Enfo

  • Endividi ou je enkoni ki te abiye en inifòm PNH krible anba bal baz Bale Wouze, Fanmiy Lavalas nan Sen Mak. 2 moun mouri soup las, 3 lòt nan eta kritik ak 7 lòt ke yo kouri pote nan sal ijans nan lopital Sen Nikola nan Sen Mak.
  • Yon bon valè ajan PNH foule beton kapital la jounen Dimanch 27 Oktòb 2019 la pou pwoteste pasifikman kont vye kondisyon travay ak dwa pou yo gwoupe an sendika yon fason pou defann dwa yo ki pa danse ak regleman polis la. Yo menase pou yo lanse yon operasyon bwa kwaze si responsab yo pa reponn revandikasyon yo.
  • Apwè plizyè ankèt Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti, ansyen administratè ak responsab enfòmasyon pou polis nasyonal la, Frantz Georges yon wo grade jwen revokasyon li pou kòripsyon.
  • Gwoup gang Savvien ki rele Kanal Divan mete an dewoute gwoup toupwisan Pòs Pyewo-a yè apwè midi, nan tit Rivyè Latibonit.  Plizyè ansyen bandi Anel Joseph yo jwenn lanmò yo lòske minisyon yo te fini e ke bandi Kanal Divan yo rache e koupe tèt ak manchèt (bandi tankou: Gwo siwo, Ronald Kadav, Ti Mepwi, Marc, ak plizyè lòt ta mouri rache ti miyèt.

Entènasyonal

  • 6 moun mouri nan plizyè atak marasa nan Burkina Faso. Gwoup militan Daech ak Al-Qaeda ki baze nan Mali ki pa sispan elaji enfluyans yo sou rejyon Sahel la te atake yon legliz nan Zimtenga nan Nodwès peyi-a.
  • Yo jwen nan yon kwizenn yon vye granmoun fwansèz yon tablo ke Cimabue, atis italyen te pentire nan debi 13èm syèk Renesans lan ki titre “Kris Moke.” Tablo sa ki te pèdi lontan, te dekouvwi nan debi ane 2019 la. Apwè 4 pwe-vant ozanchè, Vant Ozanchè Lakay Acteon deklare jodi Dimanch lan ke yo vann penti-a pou 24 milyon ewo ($26.6 milyon).
Share:

Leave a reply