Anplwaye Pak Endistriyèl konpayi Kodevi pral kontribye nan konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la

59

09-14-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou repòtè TRiboLAND nan Wanament reyalize jounen madi 12 septanm 2023 avèk kèk anplwaye nan Pak Endistriyèl Kodevi, yo fè konnen ke yo pral bay kontribisyon pa yo pou konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la.

Anplwaye sila yo, esplike ke se bon okazyon pou peyizan kap travay latè pwofite konstriksyon kanal irigasyon an, paske Dominiken fè yo manje twò vye pwodwi lòbèy ke yo inikman fè pou ayisyen. Daprè anplwaye yo, si kanal la fèt lap pèmèt yo soti nan lòbèy manje twazyèm kategori kap soti nan Repiblik Dominikèn yo.

Nap fè remake malgre tout presyon gouvènman dominiken an ap fè sou peyizan yo, yo jis rete soude nan pote kontribisyon pa yo nan reyalizasyon kanal la.

Nap presize, prezidan dominiken an bay peyi Dayiti 3 jou pou l kanpe sou kanal la, aprè sa lap totalman koupe fwontyè ak Ayiti.

Comments are closed.