Bonèt Asosiyasyon grefye yo nan vil Pòdpè vire akoz desizyon pou kèk grefye ta monte kòm jij sipleyan.

3,025

John Jean Jacques

01/24/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Apwè yon nòt ke Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a te fè sòti pou bay yon kantite grefye jarèt pwomosyon pou vini jij sipliyan; depi lè sa genyen anpil ti wounounou kap fèt nan pwèske tout ra kwen peyi Dayiti, patikilyèman nan site Kapwà Lamò a, Pòdpè.

Selon enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon TRiboLAND, anpil grefye ak jij nan vil Pòtpè genyen bonèt yo ki vire dèyè tèt yo fas ak yon parèy desizyon ke yo estime ki tèt anba ak mètdam; selon yo menm sa pa gen anyen pou wè ak lalwa.

Machwè gonfle lakay asosiyasyon grefye yo nan depatman Nòdwès la, montre dezakò yo kont lis grefye ki soti bò kote Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pou ta devni jij sipleyan. Asosiyasyon sila a ta fè konnen ke yon grefye ka toujou pran pwomosyon nan grèf, lè li sòti nan Tribinal depè pou l monte nan Tribinal Sivil, sòti nan Tribinal Sivil, grefye a ka pran pwomosyon pou monte nan Kou Dapèl, sòti nan Dapèl li kapab pran pwomosyon pou Kou Kasasyon men nan oken ka li pa ka vini jij.

Kidonk, pou yon moun arive jij, li dwe pase nan yon konkou e li dwe pase nan yon nivo majistrati kòm elèv dabò, e apwè 2 ane lap kapab devni majistra.



Comments are closed.