Larisi ap anvizaje deplwaye nan gè Ikrènn nan, gwo zam manman penba ki rele “Satan 2” a

1,248

10  –  07 – 2023

Moskou, Larisi_____(TRiboLAND) Minis Pare Kou Larisi a anonse jounen samdi 7 oktòb 2023 a, ke Moskou konte deplwaye avan lontan sou chan lagè a, misil Sarmat yo, ki rele “Satan 2”. Yon misil balistik entèkontinantal ipèsonik ke yon sosyete ris ki rele Kramash fabwike.

Deklarasyon sila fè moun mete 2 men nan tèt. Li bay anpil lawouli! Alòske, minis defans lan endike ke konpayi fabwike pwemye misil yo an seri, e yo ap deplwaye nan kad konba avan lontan. “Satan 2”, se pigwo danjre ki poko janm ekziste sou planèt la; li kapab fè masiv dega tèritoryal.

Alatèt antrepriz Krasmash la, pale sou kesyon eksansyon kapasite pwodiksyon konpayi a, ki reponn ak dènye ekipman teknolojik modèn yo pou nouvo batiman pwodiksyon an, pou bezwen mekanik yo. Batiman sila ki chita sou 18,000 mèt kare, ap loje apepwè 300 djòb; e li reyini tout nòm modèn yo, dapwè minis Pare Kou Larisi a ki tap depoze.

Comments are closed.