Moskou : Kapitèn Ibrahim TRAORÉ asiste yon parad militè e depoze flè sou tonb yon sòlda enkonu

Moskou, Larisi______(TRiboLAND) Jodi vandredi 9 me 2025 lan, Kapitèn Ibrahim TRAORÉ, Prezidan Boukina Faso, asiste yon seremoni ki make 80èm anivèsè Viktwa nan Gran Lagè Patriotik (1941-1945). Evennman sila, ki se youn nan moman ki enpòtan kote ke yo sonje viktwa ris kont nazis la, ki te fè pati Dezyèm Lagè Mondyal (1939-1945).
Kòm envite onore Prezidan Federasyon Larisi a, Kapitèn TRAORÉ te ale sou Plas Wouj nan Moskou. La, li te patisipe ansanm ak lòt lidè patisipan, nan yon parad militè ki gen ladan li: parad pye, parad otomobil, ak parad ayeryen pou make jou istorik sa a kote nazis yo te livre tèt yo.
Plis pase 11 500 solda nan fòs ame ak ajans sekirite ris yo, enkli 1 500 veteran ki te patisipe nan operasyon militè espesyal la, te patisipe nan demonstrasyon sa a. Plis pase sa, plizyè peyi alye tankou Byelorisi, Kazakstan, Lachin, ak Lend te tou patisipe pou montre solidarite yo.
Prezidan Kremlin nan, Vladimir POUTINE, ki te dirije seremoni an, te repete pozisyon peyi li sou kriz diplomatik ak jeopolitis yo. Nan diskou li, li rabat pou li raple ke se te nan pwi milyon lavi, ke Larisi te asire libète ak lapè pou tout limanite. Poutine ale pi lwen pou li eklèsi kolaborasyon alyé yo nan viktwa sila, ki petèt pou anpil moun, kapab entèprete kòm yon tantativ pou jistifye aksyon Larisi nan yon kontèks entènasyonal ki konplèks. Poutine te tou note efò konjwen anpil peyi ki te patisipe nan viktwa sa a, e apresye kontribisyon alye yo.
Yon lòt aksyon enpòtan nan jou sa a se te depozisyon flè sou Tonbo Solda Enkonu. Kapitèn TRAORÉ te suiv rityèl sila menm jan ak lòt dinyitè ki te la pou selebre anivèsè sa a ak Prezidan POUTINE e pèp ris la. Prezans Kapitèn Ibrahim TRAORÉ nan komemorasyon sa a montre relasyon solid ki egziste ant Boukina Faso ak Federasyon Larisi a.