Patrick Benoit pran anpil chaplèt, rad li benyen an san e li fèmen nan gadavu Delmas

0 603

Petyonvil____(TRiboLAND) Nan egzekisyon yon jijman ke tribinal pwemye enstans Pòtopwens lan e ki jwenn benediksyon Kou Kasasyon nan dat 23 Jwiyè 2019, gwo deblozaj batay tè deklenche ant famiy Laurenceau ak fanmiy Benoit jodi Madi 5 Me 2020 an nan Vivy Mitchell.

Patrick Benoit

Alòske jij de Pè Delma a te akonpanye repwezantan fanmiy Laurenceau ansanm ak kèk ajan NPH ki te ale sou plas pou bay jistis a fanmiy Jean Agnas Laurenceau sou rekèt pakè Pòtopwens lan, Patrick Benoit, youn na eritye fanmiy Benoit yo ta pran anpil move tretman apwè ke li te tonbe nan altèkasyon avèk otorite yo, ki apwè plase li nan gadavu nan Delma. Patrick Benoit maltrete e li pran anpil kou, rad li benyen an san e madanm li ki se Rachel Benoit e ki tap depoze bay lapwès ta menm fè eta de yon ponyèt mari li ki deranje ak yon dan ki rache.

Selon famiy Benoit, Patrick Benoit ta defann dwa li; e fanmiy lan ap viv sou tè a depwi 1892 e yo pa antann kite espas la. Konsa, divès manm nan fanmiy lan kanpe kont yon parèy egzekisyon. Madanm Benoit deklare ke se yon gwoup endividi ame ki debake pou vinn asasinen yo.

Sepandan, repwezantan fanmiy Laurenceau yo ki se opozan fanmiy Benoit konfime ke ajan lòd yo te pwosede ak arestasyon Patrick Benoit apwè ke yo te jwenn yon rezistans ame nan kan Patrick Benoit a ki te anpeche egzekisyon arè Kou Kasasyon. Konsa, sou lòd Jij de Pè titilè Delma a, Yrgneau Ricot, ajan mete lòd yo te oblije pwosede ak arestasyon Patrick Benoit.

Leave A Reply