Tigwav: Apwe 3 semèn douvèti, lekòl nasyonal Maurice David nan Vyalè kontinye ap pran gagann efektif

916

09-29-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè lekòl nasyonal Maurice David la nan Vyalè, 1è seksyon kominal Tigwav, Martinez Registre, nan yon entèvyou li akòde ak repòtè TRiboLAND media jounen vandredi 29 sektanm 2023 a, deklare 3èm semèn rantre lekòl la toujou nan pasaj.

Edikatè Martinez presize, 2 premye semèn yo, elèv yo pat vini ditou; pou semèn lendi sa a, se 10 timoun ki reponn prezan, rive mèkredi se 4 ki vini. Edikatè fè konnen ke li oblije ranvwaye yo pou lendi 2 oktòb kap vini la a.

Direktè Martinez Registre esplike, se kondisyon sosyo ekonomik paran yo ki pa reponn, e ki lakoz yo pa kapab achete founiti klasik, fè inifòm, elatriye, yon fason pou timoun yo pran chimen lekòl.

Nan sans sa a, responsab lekòl nasyonal Maurice David la, nan Vyalè 1è seksyon kominal Tigwav, Martinez Registre mande paran yo pou voye timoun lekòl lendi 2 oktòb kap vini la a, yon fason pou yo gentan wè tout pwogram akademik yo.



Comments are closed.